Prezidan Jovenel Moise dekrete 3 jounen dèy nasyonal pou lanmò Mèt Monferrier Dorval.

Prezidan Jovenel Moise dekrete 3 jounen dèy nasyonal. 



Bandi ak zam kontinye mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan. Sèlman nan 4 jou, bandi asasinen plis pase 5 moun, ladan yo gen: mèt Monferrier Dorval, yon batonye lòd avoka yo; yon gwo save; yon doktè an dwa e pwofesè nan inivèsite.  Anpil moun nan sosyete kondane zak vyolans. pa egzanp ansyen senatè Jean Renel Senatus alyas Zokiki delare: Ti bb mouri grantye .....PDG piyay makèt la lali  ; Mèt Dorval toupre kay ou peleren. Ou se sèl chèf la, fòk ou reponn kesyon, èske w kontwòle lyon ou yo? Hm.

Prezidan repiblik la te fè yon tuit pou l denonse zak vyolans e anonse twa jou dèv. Pa bliye Mèt Dorval jwenn lanmò aprè li te fin fè yon entèvansyon sou majik 9. Li te denonse fason gouvènman PHTK a ap kole pyese pou yo fè yon lòt konstitisyon pou peyi a. Sa fè  anpil kwè se akòz sa ki fè  li jwenn lanmò l.




Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

La plaine de Torbeck face à une crise environnementale majeure

Responsabilité des médias face à la détérioration de l’environnement en Haïti

🌿 Le ministère de l’Environnement en Haïti : plutôt politique qu’environnemental