Dominiken pouse do 37 ayisyen ki t'ap viv repiblik Dominikèn san papye.
Otorite dominikèn yo deside arete epi voye tounen yon 37 ayisyen ki t’ap viv san papye sou teritwa dominiken an. Sa te pase fen semènn.
Pandan depòtasyon an, let dominikèn pa t epanye menm timoun Ayisyen ki te san papye
Se direksyon jeneral migrasyon, nan tèt kole avèk sòlda ki nan Kò espesyalize sekirite fwontyè yo (CESFRONT), ki mennen, nan plizyè zòn, operasyon depòtasyon sa a.
Pa bliye, kèk jou anvan sa, otorite dominikèn yo te lanse yon plan pou ranfòse fwontyè yo avèk Ayiti k ap ede yo konbat kontreband, trafik dwòg, moun ak zam.

Commentaires
Enregistrer un commentaire